Enfòmasyon sou Zonaj

Si-w gen kesyon sou zafè zòn nan, silvouplè rele Biwo ki bay sèvis pou Elèv yo nan (239) 377-0505 pou-w verifye ki lekòl ki pou zòn ou rete a. Si ou vle tou ou kapab verifye Lis Lekòl Piblik nan Collier County a.

 

Kesyon yo Poze Souvan:

Kijan mwen ka konnen ki lekòl (yo) ki nan zòn kay pitit mwen (yo)?
Si ou gen pwoblèm pou wè kat Zòn Lekòl yo, tanpri kontakte Biwo Sèvis Elèv yo nan nimewo (239) 377-0505.

Ki diferans ki ekziste ant Chwazi yon Lekòl avèk ale Lekòl nan yon lòt Zòn?
Pou-w chwazi yon Lekòl, ou pa bezwen gen yon rezon espesifik pou ou aplike. Pou-w ale lekòl nan yon lòt zòn, ou bezwen gen yon rezon, selon règleman Distri a. Klike pi ba-a pou-w ka gen plis enfòmasyon sou sa Règleman Distri-a di.

Règleman pou ale Lekòl nan yon lòt Zòn
Règleman pou-w Chwazi lekòl

Kisa sa vle di Chwazi yon Lekòl?
Se yon posibilite yo bay paran osinon reponsab yo pou yo chwazi yon lekòl ki pa nan zòn yo rete a pou yo voye pitit yo. Ou pa bezwen bay okenn rezon lè ou ap aplike pou yon lekòl ou chwazi e demand lan ap apwouve depi gen plas diponib.

Kisa Lekòl Andyò Zòn (Out-of-Zone) la ye?
Lè yo plase yon timoun nan yon lekòl (san nou pa enkli elèv yo mete nan pwogram eksepsyonèl yo) nan yon zòn jeyografik ki pa nan zòn lekòl pa li, yo rele sa ke yo plase elèv la nan yon lekòl ki pa nan zòn lekòl pa li ("Out-of-Zone" school assignment). Fòk gen yon rezon valab pou sa, tankou swen apre lekòl, orè travay, frekantasyon yon lekòl segondè pou yon karyè akademik espesifik, oubyen lavi di. Paran ki soumèt yon aplikasyon pou andeyò zòn lekòl la dwe prezante pou sipòte rezon yo bay yo.

Kisa sa vle di Lekòl ki nan yon lòt Zòn?
Lè yon timoun nan yon lekòl (eksepte elèv eksepsyonèl ki nan yon pwogram espesyal ) ki lokalize-l nan yon zòn jeografik ki pa nan zòn ke-l ta sipoze al lekòl, sa rele asiyen nan yon lekòl ki nan “yon lòt Zòn”. 

Ki dènye delè pou moun aplike pou Chwa Lekòl?
Peryòd pou priyorite aplikasyon Chwa Lekòl yo ap kòmanse premye janvye epi yo ap fini 31 janvye chak ane. Ou kapab aplike pou Chwa Lekòl yo jis rive nan dat 30 jen, sepandan yo pral ba ou priyorite pou konsiderasyon sèlman ant premye janvye a 31 janvye.

Ki dènye lè pou-w aplike pou lekòl ou chwazi a?
Peryòd aplikasyon pou lekòl ou chwazi a kòmanse le 1e janvye pou rive 31 janvye chak ane. Opsyon sa a disponib SÈLMAN pandan mwa janvye.

Ki delè yo bay pou moun aplike pou lekòl ki pa nan zòn yo?
Genyen yon peryòd priyoritè pou aplikasyon pou lekòl ki pa nan zòn kay moun yo chak ane. Jeneralman li nan zòn soti 15 desanm pou rive 15 janvye. Aprè peryòd priyoritè pou aplikasyon yo, ou ka toujou aplike, men ou pap genyen priyorite sou espas ki ka disponib nan lekòl ke ou aplike a.

Eske ap gen transpòtasyon pou elèv ki efekte nan yon lekòl li chwazi oubyen yon lekòl ki nan yon lòt zòn?
Paran ki deside pou yo chwazi lekòl oubyen voye timoun yo nan yon lekòl ki nan yon lòt zòn dwe bay timoun nan transpòtasyon ni pou ale nou pou retounen sot lekòl depi lekòl la pa nan zòn li ta dwe ale nòmalman an.

Kòman Distri Lekòl la deside ki moun ki pral nan lekòl yo chwazi a?
Depi gen plas disponib, y-ap apwouve elèv yo pou yo ale nan lekòl yo mande a. Kote chwa yo limite paske pa gen anpil plas disponib, y-ap fè yon tiraj avèk non tout elèv ki te aplike nan mwa janvye pou lekòl la, yon fason pou tout aplikan yo ka gen menm priyorite.

Kòman paran yo ap fè konnen ki rezilta aplikasyon yo te soumèt la?
Nou ap avize tout moun ke nou pral voye yon avi ki konsène demand pou transfè lekòl yo pa lapòs bay paran yo nan mitan mwa avril.  Si ou genyen yon pwoblè byen espesifik, souple voye yon mesaj ba nou pa e-mail nan adrès sa a:  RoaLi@collier.k12.fl.us